Noirs «apatrides» en République Dominicaine : Grennsèl a on makèd’pawòl kréyòl ayisyen

Featured imageAyiti, N ap Pike Devan

Doumafis LAFONTAN

Bwa Mare

Ayiti ap fè fas a oun seri defi Listwa mete sou chimen li kòm Premye Nasyon ki aboli Esklavaj e san dout mete fen a Kolonizasyon. Nan lane 2010, majorite Ayisyen viv katastwòf pi grav peyi a janm konnen depi Okipasyon Ameriken an 1914. Jodi a, gen oun mache cho paske Sendomeng (Dominikani) ap depòte omwen 250,000 moun.

Selon Prezidan Ayiti, Michel J. Martelly, dirijan divès peyi Amerik Disid te konseye li antreprann negosaysyon bilateral ak Dominikani. Konsèy sila te bay nan kad negosyasyon de peyi yo t ap antreprann, apre Tribinal Konstitisyonèl Dominiken te rann jijman 168-13 pou denasyonalize moun ki te emigre Dominikani apre lane 1929. Administrasyon Martelly, ak Premye Minis Laurent S. Lamothe, te abandone inisyativ òganizasyon rejyonal tankou Caricom t ap mennen pou anpeche Administrasyon Danilo Medina, Prezidan Dominikani, egzekite jijman manb Caricom konsidere rasis, e ki makònen ak diskriminasyon kont Dominiken ki gen paran Ayisyen. Analize sitiyasyon an egzije nou derape ak kontèks istorik, ekonomik e sosyal.

Kontèks kriz la

Atitid Dominiken, anvè travayè Ayisyen ki t al koupe kann nan Batey yo, klè. Nou vle di, Dominiken atribiye siksè ekonomik peyi yo a Kapital; ki vle di Envestisman Dirèk Etranje, e non a Travayè. Kidonk, Travayè Ayisyen vini dispansab piske sektè Mendèv Bonmache pa nesesè nan domèn konstriksyon, sèvis, touris, elatriye. Dayè, oun senp koudèy ann Ayiti ak pakèt konpayi konstriksyon Dominiken k ap konstwi wout montre se pa mendèv Ayisyen k ap itilize.

Se dwa oun moun osnon gwoup pou li pa dakò ak modèl Newo-Kolonyal Dominiken anplwaye pou fè peyi yo avanse. Pou plis presizyon, n ap fè remake Travay pase plizyè faz. Nan tan lakoloni se te Esklavaj, diran peryòd Sosyete Entegre se te Travay-Fòse, e koulye a se Mendèv-Bonmache. Sepandan, Dominikani fè erè lè li itilize pouvwa Jidisyè pou Denasyonalize apeprè 250,000 moun. Chwa lane 1929, pa sanble gen okenn enpòtans, sinon oun lane apre 1930 Rafael Leonidas Trujillo Molina fè aparisyon li sou sèn politik Dominikani. Ayisyen pap jan bliye, se an 1937 Rafael nan fonksyon li kòm prezidan, te fè masakre dèmilye Ayisyen. Se pase istorik sila ki bay anpil kè sote pami moun ak òganizasyon k ap pwomote Dwa Moun Inivèsèl.

N ap siyale oun lòt fè enpòtan. Menmsi Ayiti ak Dominikani okipe menm Zile, idantite de pèp yo pa menm. Ayiti, konsidere Premye Repiblik Nwa Endepandan, gen oun legasi istorik, tradisyon e Literati, ak lang, idantite e reyalite, ki pwensipalman Afriken. Tandiske, Dominiken entèprete Istwa yo kòm mouvman liberasyon de Ayiti. Anplis Dominiken pale Panyòl e yo konsidere tèt yo Indio.

Pwendvi Andojèn e Egzojèn

Odela kilès ki gen fot, genyen de faktè pwensipal pou esplike sitiyasyon k ap devlope akoz Sendomeng ki denasyonalize dèmilye moun epi pare pou depòte yo ann Ayiti.

Anfèt desizyon 168-13, Tribinal Konstitisyonèl Dominikani, koze oun kategori moun Sanpatri. Malerezman, pifò dirijan Ayisyen prefere adopte atitid “Apres moi le deluge” (Apre mwen pa gen lòt). Dayè, lidè sila yo pa janm rive egzèse okenn enfliyans pou chanje Leta, plizyè obsèvatè di ki Echwe. Fas a menas Depòtasyon plizyè milye Sanpatri, Gouvènman Ayisyen rekòlte echèk paske li adopte oun pwendvi Egzojèn1 a oun pwoblèm entèn. Nou vle di, olye Gouvènman Ayisyen chita ap tann entèvansyon kominote entènasyonal, li t ap mye pou li revize politik y ap aplike ki koz sitiyasyon peyi a ap konfwonte.

Sepandan, vize atik sila se esplike pwendvi Endojèn2 oun Sektè Non-Leta (SLN), ak mètpanse, (Dantò, Lafontan, Laurent, Saint-Vil, elatriye) ap eksprime pou enfliyanse Sistèm lan. Yo egzamine patwon anba desizyon Dominikani pran pou redwi popilasyon, epi diminye nonb timoun k ap fèt nan ane k ap vini. Pwen enpòtan nou note, SNL pa repete vye pawòl, “Gade sa Dominikani ap fè Ayisyen.” Depreferans, SNL ofri oun analiz pi pwofon pou anpeche Dominikani reyisi nan jefò l ap fèt pou rive dezekilibre Sosyete Ayisyen, ak konsekans k ap dire plizyè lane.

Analiz final

Nivo elemantè kesyon an, sèke avèk 250,000 depòte, popilasyon Ayiti ap vini ogmante imedyatman. Nou dwe note, peryòd kwasans popilasyon an te deja kòmanse avèk pitit sòlda etranje (MINUSTAH), ki nan peyi a depi 2004. Ka pitit sòlda MINUSTAH pi pwoblematik paske se oun bann timoun san papa.

Kòmante sou popilasyon egzije nou souliyen de volè migrasyon, entèn, e ekstèn. Nan nivo entèn nou plizoumwen konnen konbyen moun y ap depòte ann Ayiti. E piske nou genyen oun chif apwoksimatif (nou pa vrèman konnen), nou kapab pwojete enpak Depòtasyon sou oun peryòd 15 a 20 an piske depòte yo pral fè pitit epi ap gen pititpitit.

Nan nivo ekstèn, nou pa konnen konbyen Ayisyen ki kite Ayiti chak ane. Tousa nou kapab di, li pi difisil pou Ayisyen kite Ayiti ale viv nan lòt peyi nan rejyon an. Apa Brezil, Kanada, petèt Chili, pa sanble genyen lòt peyi nan rejyon an ki adopte pwogram pou pèmèt Ayisyen émigré. Nou pa site Etazini paske peyi sila sèlman pèmèt migrasyon rezidan pèmanan.

Dapre nou, repons Ayisyen dwe pote, se kouman bay depòte yo aksè a sèvis debaz, tankou manje, kay, lekòl, swen e sekirite? Repons lan pi difisil lè nou konsidere Leta Ayisyen pa janm vreman kapab aplike okenn politik pou adrese pwoblèm popilasyon ki deja nan peyi a. Teworisyen sosyal di, “Pa gen difikilte sosyal san solisyon;” kidonk, nou dwe kòmanse depiste kèk sektè vital pou bay oun milyon Ayisyen travay.

An konklizyon, konsideran evolisyon Amerik Disid e Karayib la, jefò k ap fèt pou chanje kondisyon lavi Ayisyen dwe fè pati nan politik k ap aplike pou etabli Estabilite Rejyonal, Non-enjerans Etranje, Nasyon Soeur ak Dwa Moun.

Doumafis Lafontan
26 Jen 2015

Nòt

1. Devlope apati faktè ekstèn
2. Koz osnon orijin entèn.

Atik

http://parolenarchipel.com/2013/12/03/rep-dominicaine-une-honte-et-un-deshonneur-selon-lex-president-dominicain-hipolito-mejia/
http://parolenarchipel.com/2013/12/06/forte-discrimination-en-republique-dominicaine-selon-le-rapport-preliminaire-de-la-cidh/
http://parolenarchipel.com/2013/12/03/le-black-caucus-fait-ses-recommandations-au-president-dominicain-danilo-medina/
http://harpers.org/archive/2015/05/displaced-in-the-d-r/5/
http://www.ezilidanto.com/zili/2015/06/how-big-business-fuels-haitian-dominican-tensions/

Comments

  1. A reblogué ceci sur Boycottet a ajouté:
    An konklizyon, konsideran evolisyon Amerik Disid e Karayib la, jefò k ap fèt pou chanje kondisyon lavi Ayisyen dwe fè pati nan politik k ap aplike pou etabli Estabilite Rejyonal, Non-enjerans Etranje, Nasyon Soeur ak Dwa Moun.

  2. jacques davila says:

    Tout le monde ne traduit pas correctement le créole haïtien. La prochaine fois mettez une traduction en français. Merci.